COSH Coalition et Colloque pour le Sauvetage d'Haiti
|


Chita Pale Ayiti COSH, Yon travay tèt ansanm ki pote lespwa
Karyne Sylvestre Pompilus
Vandredi 16 avril la, 3 mwa 4 jou apre tranbleman tè 12 janvye a, pitit tè peyi d'Ayiti yo kap viv lòt bò dlo ak sa yo ki andedan
lakay te reyini nan Embassy Suites Hotel nan Miami sou lobedyans Ayiti Cosh pou reflechi sou konsekans sitiyasyon malouk peyi
d'Ayiti sou sante popilasyon an.
Vè 5 kè nan apre midi, òganizatè yo te louvri konferans la ak yon minit rekèyman pou memwa viktim yo. Tout swit apre, Doktè
Jean Claude Degranges te li deklarasyon entansyon kolòk la kidonk chita pale a e Dòk Carl Gilbert, Chairman of Haitian
Organization for Health Services (HOHS) majò jon kolòk la te prezante: Doktè Alex Larsen Minis Sante Piblik, Misye Edwin
Paraison Minis Ayisyen Kap Viv Lòt Bò Dlo ak Doktè Claude Surena pou Asosiyasyon Doktè Ayisyen yo / Komisyon Dezas ak
Sekou.
Yon'n apre lòt, mesye yo ta pral pran la pawòl pou eksplike prezans yo, bay sipò e eksprime lespwa ke yap jwen'n bon jan lide pou
yon Ayiti miyò. Konsa, pou premye jou a Misye Harry Fouche yon ekonomis lan New-york te bay detay sou wòl Ayisyen lòt bò
dlo ak sektè prive a pou remanbre sistèm sante peyi d'Ayiti ak Misye Stanley Lucas (politològ) te repon'n kesyon eske ka gen
sante san stabilite politik? Yon mannyè senp e klè Misye Lucas te prezante tablo politik peyi a jan li ye a e se ak anpil chalè asanble
a te aplodi Misye Lucas, men kesyon an toujou la, eske ka gen sante an Ayiti nan sitiyasyon politik saa?
Lanwit vandredi a te fini vè 10 zè ak imaj jou tranbleman tè a, manje ak dans lakay.
Samdi 17 avril la, sete yon jounen travay manch long. Avan yo te pase nan atelye travay, Dòk Alix Haspil, Henry Paul ak Yves
Jodesty te analize pou wè si peyi d'Ayiti gen yon sistèm tout bon vre? Enjenyè Michel Legagneur te sonen twonpèt pou reveye
konsyans odyans la sou sitiyasyon deplorab anviwonman peyi a ak rapò sa genyen ak sante.
Prevansyon, kay pou moun viv, asistans pou malere, edikasyon ak teknoloji, sete tout pwen sa yo diferan entèvenan yo te prezante
ki te soti nan 4 atelye travay yo ki te reflechi, analize ak pwopoze solisyon pandan tout jounen an e ki te fini a 5 kè.
Dimanch 18 Avril, konferans la te klotire vè 1 nè ak rekomandasyon atelye yo e yon deklarasyon, kole zepòl ak travay ant Ayisyen
andedan ak sa ki lakay, Dòk Claude Surena te li lan non gouvenman Ayisyen an.
Karyne Sylvestre Pompilus, MBA/GM
_____________________________________________________________________________________________________________________________________________________ ©2010 WEBMASTER: Paul Claudel Glemaud
|
Coalition for Rescuing Haiti (Health System)